Nou Nan Fènwa

 

🟥 Nou rive nan epòk fèt, men AYISYEN poun pa di TOUT, se fènwa k ap klere plis pase pyebwa a… kè nou lou.

🟧 Oh Bondye!… chak nouvèl, chak desizyon peyi etranje pran, fè nou santi nou pat dwe egziste okenn kote isiba.

🟨 Unifye nou poun ta fete difisil lè lespwa nou ap fennen konsa?

🟦 N'ap kenbe tèt gras ak ti kòb paran nou yo voye ak dlo nan je, pandan yo menm y'ap lite pou siviv nan Etazini ak lòt peyi ankò.

🟪 A chak move nouvèl, se tout yon pèp la k ap tranble. Se kòmsi si yon Ayisyen santi doulè tout lòt yo atò.

Nou pa wè anyen ki estab ankò: lekòl fèmen, avni fè nwa, timoun pèdi direksyon.

🟥 Fè anile TPS la menm… Mmmm! Se detwi espwa tout fanmi ki te resi kòmanse ap kreye pou fanmi yo, yon bon fondasyon.

🟧 Èd ki te konn ban nou yon ti souf, vin tounen yon mistè ki frape nou fò; souri yo pa menm vle monte sou figi nou ankò.

🟨 N'ap bat pou rete fò, men verite a sèke kè nou chaje ak krent, ak kesyon san repons ki fèn vin san bò.

🟩 Wouy Bondye! Tanpri, tande kri timoun Ayisyen nou yo non, tande rèl tout paran Ayisyen yo k ap eseye kenbe tèt ak lavi a.

🟦 Afèmi yo, ba yo fòs pou yo pa lage… paske y'ap batay pou nou, pou nou ka resi wè on ti limyè nan nwèl fè nwa sa a.


Mèsi pou tanw pran pou li! Pa bliye kòmante e pataje ak lòt moun!

Blòg Ayisyen...

Comments

Popular posts from this blog

Poukisa Anpil Ayisyen Pa Santi Yo Alèz nan Peyi Etranje — E Kijan Pou Prepare Tèt Nou Pi Byen

Yon Verite Ki ka Chanje Laviw: "Rele tankou yon chat oswa tankou yon lyon?"