Nou Nan Fènwa
🟥 Nou rive nan epòk fèt, men AYISYEN poun pa di TOUT, se fènwa k ap klere plis pase pyebwa a… kè nou lou. 🟧 O h Bondye! … chak nouvèl, chak desizyon peyi etranje pran, fè nou santi nou pat dwe egziste okenn kote isiba. 🟨 U nifye nou poun ta fete difisil lè lespwa nou ap fennen konsa? 🟦 N 'ap kenbe tèt gras ak ti kòb paran nou yo voye ak dlo nan je, pandan yo menm y'ap lite pou siviv nan Etazini ak lòt peyi ankò. 🟪 A chak move nouvèl, se tout yon pèp la k ap tranble. Se kòmsi si yon Ayisyen santi doulè tout lòt yo atò. ⬛ N ou pa wè anyen ki estab ankò: lekòl fèmen, avni fè nwa, timoun pèdi direksyon. 🟥 F è anile TPS la menm… Mmmm! Se detwi espwa tout fanmi ki te resi kòmanse ap kreye pou fanmi yo, yon bon fondasyon. 🟧 È d ki te konn ban nou yon ti souf, vin tounen yon mistè ki frape nou fò; souri yo pa menm vle monte sou figi nou ankò. 🟨 N 'ap bat pou rete fò, men verite a sèke kè nou chaje ak krent, ak kesyon san repons ki fèn vin san bò. 🟩 W ouy...